Vendredi 28 Février, 2020

Poukisa anpil Ayisyen kwè Fransè se yon bèl lang e li vle di lespri ?

Poukisa anpil Ayisyen kwè Fransè se yon bèl lang e li vle di lespri ? Foto: My-Hans Lytha Moise

Poukisa anpil Ayisyen kwè Fransè se yon bèl lang e li vle di lespri ? Foto: My-Hans Lytha Moise

Otè : My-Hans Lytha Moise*/ @MMhalhy

Pwovèb yo tradui yon reyalite ki pi gran pase n. Nou dakò sou sa. Men lè yon lokitè charye youn nan langaj li, li reflete fason lokitè sila konprann monn lan e ki kalte mesaj li vle k al jwenn lòt moun k ap koute l yo. Lokitè a pran responsablite l nan ka sa.

« Bèl lang se lespri ». Se yon pwovèb nou souvan tande lakay anpil lokitè kreyolofòn ayisyen, men tou se yon pwovèb ki pote anpil chay paske l ta vle fè n konprann epi kwè nan diskou epilengwistik yo gen lang ki pi bèl pase lòt e pale yon lang etranje ba w estati moun save.

Nan kilti nou, nou souvan konfonn pale lang etranjè ak konesans, tankou yo ta pil ak fas nan yon sèl pyès. Kòmsi depi w pale fransè osinon yon lòt lang etranjè ou se yon moun ki konn li. Se konsa tou si w ap pale kreyòl la oubyen ekri l fòk ou ta pale ak anpil entèferans epi pwodwi ipèkoreksyon pou w ta montre ou se yon moun ki eskolarize.

Nou tout dakò an Ayiti gen de lang k ap sikile. Se sa nou rele yon peyi k ap viv yon sitiyasyon bilengwis. Dayè konstitksyon an admèt peyi a gen de lang ofisyèl (atik 5, konstitisyon 1987 vèsyon amande a). Lè n di Bilengwis nou vle pale de egzistans de oubyen plizyè lang k ap kolabore sou menm teritwa. Nou ka pran ka peyi Kanada ak Ayiti kòm egzanp. Li enpòtan pou n presize sitiyasyon bilengwis la pa toujou menm nan tout espas jewografik yo.  

Lè Bilengwis la pa ekilibre (lang yo pa gen menm valè), li vin kreye yon sitiyasyon lengwistik ki rele "Diglosi" ki se egzistans de lang sou yon sèl teritwa men kote gen youn nan lang sa yo k ap peze kou lòt la, youn vin parèt siperyè parapò ak lòt la.

Anvan n al pi lwen, an n presize gen anpil faktè ki ka koze diglosi. Nou dwe wè e analize yo e pami faktè sa yo genyen:

Reprezantasyon sosyal : An Ayiti genyen yon dezekilib ki sòti depi aprè Endependans nou, kote se blan franse ki t ap fè lekòl pou nou, ki t ap aprann nou li, konsa mit "blan an se lakonesans" lan tou rete. Se sa k fè n ap wè tou anpil moun ki t ap pwodwi nan tan sa, se te toujou an fransè. Men ki pa t yon peche tou paske lang kreyòl la vin gen estati lang ofisyèl byen ta parapò ak fransè a.

Relasyon diplomatik ak ekonomik : Lyen nou genyen ak Lafrans ak Kanada, kote jiskaprezan nou toujou kenbe sistèm edikatif yo a e nou anseye timoun lakay nou nan lang ak liv yo. Nan ka sa lang fransè ap toujou parèt lang konesans lan nan yon peyi kou Ayiti kote pa gen ase mwayen pou n ta fè liv pa nou e edike pèp nou nan lang nou. E se menm rezon sa tou ki te bòykote refòm Bèna (Jozèf C. Bènan te minis Enstriksyon sou Jan Klod Divalye e li te angaje yon refòm pou anseye Kreyòl nan plizyè nivo nan peyi a e li t ap ankouraje pou lekòl fèt an kreyòl), paske anpil moun te pran sa kòm yon fatalite, anpil moun te fache e di fransè se lang elit la fòk pitit pa yo tou pale fransè, yo pa t dakò ak zafè lekòl an kreyòl la.

Se sa tou ki vin kreye zafè represyon lengwistik nan lekòl, kote yo ap bat timoun ki ap pale kreyòl, yon pratik yo te konn itilize nan peyi Lafrans pou pini esklav. San nou pa menm rann nou kont nou kontinye ap fè pwomosyon lang fransè a nan sistèm edikatif nou an pandan sa gen kèk ane sèlman depi yo aksepte kreyòl anseye nan lekòl.

Nan jan nou vann kilti nou: Li gen pou l wè ak koze pwodiksyon e menm kiltirèl sou kijan lang reprezanti nan kilti nou, nan pwodwi n ap voye vann lòtbò dlo. Nan tout pwodwi ki enpòte nou ka remake sou pwodwi sa toujou gen yon koze ki di nan lang peyi sa, sa ka rive ou wè yo mete yon lòt lang (tradiksyon) pou fasilite plis moun konprann men yo mete lang pa yo a an premye. E yo vann lang yo a atravè tout bagay tankou manje, koze atistik nan tablo, rad e nan mizik tou. E nan tout peyi ou pral fè etid inivèsitè yo toujou egzije w pou w konn pale lang peyi sa, se yon fason pou yo vann lang yo tou. Men lakay pa pwodwi ase pou n ta vann lang nou an lòt kote.

Mizanplis yon politik lengwistik solid pou kwape pwoblèm Diglosi a an Ayiti

Kote Bilengwis lan ap aplike nan fòm ak nan fon pou nenpòt kote yon moun rive yo ka sèvi l  an kreyòl menm jan ak fransè, kote pap gen represyon lengwistik, sa vle di moun nan ap ka pale nenpòt nan lang yo.

Ekriven fransè Victor Hugo te di: "Lang yon pèp se pi bon zouti ki pou bay libète li ak pwogrè li fòm" (Lèmizerab, 1862). Si nou baze sou asèsyon sa, edikasyon dwe fèt an kreyòl ak liv kreyòl epi n ap aprann franse kòm dezyèm lang. Epi nan nivo pwodiksyon, nan sa n ap voye vann aletranje n ap toujou ajoute yon ti pawòl kreyòl, yon pwovèb ki pou atire kiryozite konsomatè yo.

Diglosi an Ayiti a grav anpil,  kote lang franse a prèske toufe lang kreyòl la, pa gen yon Bilengwis ekilibre menm jan sa ye nan kèk rejion nan peyi Kanada kote yo admèt gen de lang ofisyèl e nan nenpòt enstitisyon ou ta rive y ap sèvi ou nan lang ou pito a. Pa bò isit, nou di nou gen de lang ofisyèl men preske tout kote ou rive ou jwenn dokiman yo an franse sèlman, gen de kote tou si w ta pale an kreyòl yo ap gade w mal e resevwa w mal, sa se yon fòm represyon e menm diskriminasyon kont lokitè kreyolofòn yo.

Tout faktè sa yo fè koze bilengwis lan pa respekte pa bò isit. Kòm si lang ki pou nou an pa lang, sae ki pa vre ditou. Ekriven fransò Stendhal te di: "Premye enstriman jeni yon pèp se lang li". Alòs poukisa gen yon tandans ki vle fè kwè "Depi w pale kreyòl ou pa moun oubyen w pa yon moun ki edike?" Kòm kwa kreyòl se yon lang se sovaj ki pale l, se lang esklav yo te pale.

Renye lang kreyòl la se abandonnen rasin ou ak istwa w kòm pèp, pale ak ekri kreyòl san zizi jan sa dwe ye daprè estrikti lang nan pa yon fatalite paske lengwistikman pa gen lang ki pi bèl pase lòt, tout lang se lang. Tout lang gen menm degre konpleksite. Pale lang manman w se fè valè w kòm pèp e mete kilti w pi wo.

*Lengwis/ekrivèn

Recevez gratuitement les dernières nouvelles d'Haïti et d'ailleurs directement sur votre téléphone en téléchargeant l'App de Loop News :