Dimanche 23 Septembre, 2018

« Pami lang lokal yo, se lang kreyòl Ayiti ki pi popilè sou Twitter »

Michel DeGraff, pwofesè nan MIT

Michel DeGraff, pwofesè nan MIT

 Jodi samdi 28 oktòb la se Jounen Mondyal Lang Kreyòl. Nan okazyon sa a, Michel DeGraff, ki se pwofesè nan inivèsite oz Etazini e ki se youn nan moun ki te fonde Akademi Kreyòl Ayisyen an, ap fè yon ti chita pale ak Loop sou lang sa a. Pwofesè DeGraff ap di nou ki pi gwo pwogrè lang lan fè pandan ven dènye ane ki sot pase la yo. Pou li menm, kreyòl la ta dwe selebre chak jou Bondye mete nan lekòl, inivèsite, biwo leta, tribinal, elatriye. Gwo potorik gason sa fè konnen ke mwa kreyòl sa a tounen yon mwa « ipokrizi nasyonal ». An n koute.

 Loop Haïti. : Samdi 28 oktòb, se Jounen Mondyal Lang Kreyòl. Avèk ki santiman ou resevwa selebrasyon sa a? 

Michel DeGraff. : Selebrasyon mwa kreyòl sa ban m yon melanj emosyon ki makonnen ansanm: emosyon pozitif ki makonnen ak emosyon negatif.  Mwen santi emosyon pozitif tankou jwa, fyète ak ankourajman lè m wè valè moun k ap pwone lang kreyòl yo tou patou nan lemonn, lè m wè valè moun ki angaje nan defans lang kreyòl yo e k ap pwodui an kreyòl, pou yo mete lang kreyòl yo nan menm nivo ak lòt lang. 

Men, tou, mwen santi anpil tristès ak anpil kòlè lè m wè se sèlman pandan selebrasyon sa yo ke Leta ann Ayiti ap klewonnen « Mwa Kreyòl » pandan ke menm Leta sa a ap vyole dwa lengwistik popilasyon an chak jou Bondye mete.  Pou moun ki pale kreyòl sèlman, se chak jou pou n ta selebre kreyòl: selebre kreyòl nan lekòl, inivèsite, biwo leta, tribinal, elatriye. Fòk nou klè sou sa: se menm enstitisyon leta sa yo k ap selebre mwa kreyòl la, se menm yo menm nan k ap vyole konstitisyon peyi lè se sèlman an franse y ap pibliye dokiman ofisyèl pandan tout lòt mwa nan ane a, kit se dekrè, kit se bidjè, kit se arete, elatriye.  Se sa ki fè mwa kreyòl sa a tounen yon mwa ipokrizi nasyonal. 

Loop Haïti. : Ki pi gwo avanse lang kreyòl la fè pandan 20 dènye ane sa yo?

M.D. : Pi gwo avanse lang kreyòl la se nan domèn teknoloji ak syans. Pa egzanp, gen rechèch ki montre ke, pami lang lokal yo, se lang kreyòl Ayiti a ki pi popilè sou Twitter.   Pa egzanp, enfòmatisyen Kevin Scannell analize kominikasyon sou Twitter nan zòn Pòtoprens pandan 18 è d tan. Men sa l jwenn: 53% an kreyòl,  20% ann angle, 11% an franse, 1% an panyòl epi rès la nan lòt lang. Nan zòn Okap, li jwenn 43% an kreyòl, 14% an franse, 1%  an panyòl epi rès la nan lòt lang.  Rezilta sa a montre aklè ki jan lang kreyòl la ap kenbe konpa li sou medya sosyal yo. N ap jwenn plis detay sou done Scannell yo nan atik sa a ke m te mete sou paj Facebook mwen:  https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10155204834928872

 

Loop Haïti. :  Pou ki sa, selon ou menm, li enpòtan pou anseye e edike timoun nou yo an  kreyòl nan yon monn k ap evolye e kote fwontyè yo anvi kaba (mondyalizasyon) ?

M.D. : Se divès disiplin syantifik (soti nan syans lengwistik, pase nan syans edikasyon, rive nan syans sou sèvo) ki montre aklè ke lang matènèl yon timoun se pi bon zouti pou devlope bon jan fondasyon entelektyèl pou timoun sa a vin gen kapasite solid pou l devlope tout kalite konesans: lekti, ekriti, syans, matematik, elatriye. Ata konesans lòt lang pou li aprann pi devan.  Ki vle di: se lang matènèl timoun yo  ki pral ede timoun yo aprann lòt lang pi byen tou, kit se franse, kit se angle, panyòl, eksetera.

 

Loop Haïti. : Ki sa ki kapab fèt pou lang kreyòl la rive jwen plas li e jwe wòl li nan sosyete a?

M.D.: Nou deja gen yon bèl kad legal pou lang kreyòl la jwe wòl ke l dwe jwe nan sosyete a.  Atik # 5 nan Konstitisyon 1987 la deja tabli lang kreyòl la kòm yon lang ofisyèl Repiblik d Ayiti a kote lang franse a. Epi tou, se menm Atik 5 sa a ki deklare ke lang kreyòl la se sèl lang ki makonnen tout Ayisyen ansanm. Ki vle di: Legalman, lang kreyòl la se sèl grenn lang nasyonal peyi d Ayiti.   Atik # 213 nan menm Konstitisyon 1987 sa a tou ban nou Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA).  Epi tou, nou gen arete, kourikoulòm ofisyèl ak akò nan Ministè Edikasyon Nasyonal (MENFP) ki deja ta ka bay lang kreyòl la jarèt ke l bezwen an.  Akò ant MENFP ak AKA, depi an 2015, mande pou lang kreyòl la sèvi nan tout nivo sistèm ansèyman ann Ayiti e nan administrasyon nan MENFP.

 

Se an jiyè 2015 Minis Nesmy Manigat (MENFP)  te siyen akò sa a avèk Pastè Pauris Jean-Baptiste, Prezidan AKA, pou MENFP ansanm ak AKA tabli itilizasyon lang kreyòl la nan tout nivo ansèyman.  Se kon sa tou, Minis Manigat te siyen yon akò avèk Inisyativ MIT-Ayiti, depi an 2014, pou avansman lang kreyòl la ansanm ak teknoloji pou pedagoji patisipatif nan ansèyman syans ak matematik.  Men, malerezman, nou gen yon leta tèt an ba k ap plede siyen akò a dwat a gòch, epi se siyen mete nan tiwa, se pale mete la, se lave men siye atè.  Jounen jodi a, mwen panse se sosyete sivil la (jounalis, aktivis, atis, etidyan, paran, pwofesè, elatriye... chak grenn Ayisyen!), se nou tout ki pou mete presyon sou leta ak sou tout lòt enstitisyon yo pou yo rekonèt epi respekte dwa lengwistik popilasyon sa a kote pifò moun pale kreyòl sèlman.