Mercredi 25 Novembre, 2020

Ou ka dwe Leta dominiken yon pakèt lajan san w pa konnen 

So "rantre" nan Repiblik dominikèn/ Photo : Residences-Oasis.com

So "rantre" nan Repiblik dominikèn/ Photo : Residences-Oasis.com

Mank enfòmasyon konn kreye gwo sipriz lakay moun k ap vwayaje. Lè w aprann sou lwa imigrasyon peyi w ap vizite a, sa rann ou pi konfòtab.

Anpil Ayisyen ale an Repiblik dominikèn chak jou. Gen anpil ladan yo, lè y ap tounen an Ayiti, ki konn panse li pa vrèman enpòtan pou yo di imigrasyon dominikèn nan sa. Kidonk yo rantre Ayiti san so ki di yo sòti a (salida). Neglijans sa a gen pri.

Dimanch 15 desanm 2019 la, se te yon gwo sezisman, pandan m ap travèse fwontyè a, otorite dominiken kanpe m pou yo di m mwen dwe yo 16,000 peso (plis pase 300 dola ameriken). M te gen 2 chwa : peye lajan an tousuit pou m rantre al regle sa m pral regle a, oubyen retounen an Ayiti. Chwa a te fasil, paske m te gen ijans. Men m te bezwen repons pou yon kesyon. « Ki kote dèt sa a soti ? »

Nan mwa oktòb 2016, mwen te vin RD pou m anime yon aktivite. Aprè misyon an, jou m ap tounen nan peyi a, mwen menm ak lòt kòlèg yo t ap fè prese pou nou rantre Ayiti. Nou pa t rete pran so nan biwo imigrasyon dominiken an pou nou di nou retounen Ayiti. Se depi jou sa a, leta dominiken koumanse kalkile kantite lajan m dwe li. Soti 2016 pou rive 2019, bil la monte 16,000 pesos. Sou ki baz legal yo pran kòb sa a ? 

Otorite dominiken yo pa jwe ak koze imigrasyon nan peyi yo. Menm si gen anpil plenyen sou fason yo trete migran yo lè yo kenbe yo san papye oubyen nan sa k pa sa, yo gen yon moso lalwa pou jistifye chak desizyon. Pou sa ki gen awè ak lajan m peye a, se daprè atik 40, alineya 1, nan Lwa 285-04 sou imigrasyon an, ak atik 81 dekrè 63-11 sou aplikasyon Lwa sa a, yo baze pou touche kòb la. Men kisa dispozisyon sa yo di:

Tout sitwayen etranje k ap fè ladesant sou tèritwa dominiken an pandan plis pase 31 jou, kit li se touris, biznismann, atis, atlèt elatriye, dwe peye tarif sa yo:

 

Se se pa sèlman sa ki genyen kòm konsekans si w kite tèritwa dominiken an san so « salida » a. An 2017, m te manke rate yon vòl Canada akoz sa. Lè m rive nan ayewopò Toussaint Louverture, ajan imigrasyon manke pa kite m pase paske, selon sa yo te di m, pou leta ayisyen, mwen an Repiblik dominikèn toujou. Se apre anpil pledwaye yo ban m yon chans. Men sa m pa t peye an lajè a, m peye l an longè.

Kijan pou w evite sezisman ak tèt fèmal nan koze sa a? Yon mannyè: toujou pran tan pou w fè mete so sou paspò w lè w ap kite tèritwa yon lòt peyi, menm jan w pran so a lè w ap antre ladan l.

Raoul Junior Lorfils 

Recevez gratuitement les dernières nouvelles d'Haïti et d'ailleurs directement sur votre téléphone en téléchargeant l'App de Loop News :