Vendredi 21 Février, 2020

Alantran: yon pratik ki detwi rèv e vyole dwa anpil tifi nan Demare

Nan « Démarré » jèn fi sa a ki se yon viktim pratik « Alantran » an ap bay pitit li ki genyen sèlman dis mwa Tete / Kredi Foto Ak Videyo Steven Aristil ak Luckenson Jean

Nan « Démarré » jèn fi sa a ki se yon viktim pratik « Alantran » an ap bay pitit li ki genyen sèlman dis mwa Tete / Kredi Foto Ak Videyo Steven Aristil ak Luckenson Jean

Nan sizyèm seksyon nan komin Vèrèt, lokalite Demare, gen yon fenomèn ki rele "Alantran" ki pèmèt yon gason achte yon tifi 17 pou rive 21 lane. Pafwa menm tifi ki genyen 14 pou rive 16 lane tou. Li ka plase nan kay ak li kòm fanm oswa pran l pou madanm li. Kòm rekonpans, gason sa a ka bay paran demwazèl la anviwon dimil (10 000) pou rive nan ven mil (20 000) goud konsa. Kèk otorite ki okouran de sa denonse pratik sila ki, daprè yo, prèske kole bobo ak komès « trafik timoun ».

Nan lokalite Demare ki nan komin Vèrèt (depatman Latibonit), ki se kote ansyen Prezidan Dumarsais Estimé fèt, gen yon modèl  twòk ekonomiko-seksyèl regilye ki egziste nan mitan abitan ki nan zòn nan. Daprè kèk temwanyaj, pandan echanj yo, enterè paran timoun yo mete sou pri pitit fi yo a varye. Sanble genyen motif ki eksplike mòd pratik sila : premyèman, lide pou kenbe yon tradisyon rejyonal ; dezyèmman fè benefis sou seksyalite tchovi yo, prensipalman tifi pou rive tire benefis epi satisfè kèk bezwen ekonomik.

Nan zòn sa a, majorite tifi ki gen prèske 14 lane oswa plis toujou ap viv nan yon toubiyon plasaj kondisyone nan fason potansyèl achtè yo (gason) vle sa. Daprè moun nan zòn nan, Enterese a gen yon demach "espesyal pou l rive rezève pou fi li vle a. Sa ki fè prèske tout tifi ki gen 7 pou rive 8 lane gentan sou kontwòl achtè yo ki vin chèche yo depi yo estime yo pare, sa  vle di lè ti kò yo kòmanse pouse chè oubyen lè yo fòme. Nòmalman, se yon komès dapiyanp sou timoun ki poko nan laj fè bagay, ki pa gen ankenn matirite seksyèl. Pratik sa mete sou kote tou kesyon konsantman an.

Temwanyaj twa viktim

« M te gen 17 lane lè yo te vin pote 15 000 goud (162 dola ameriken jodi a) lakay paran m pou m t al plase nan kay ak mari mwen genyen kounya a. Se te yon 17 jwen », selon sa Resimène Jacques di li sonje. 17 jwen sa a, santans li te siyen epi « Alatran » pa l la te fin negosye ant paran mari li ak paran l yo. Pandan l ap esplike sa, Jacques Resimène di : « M konte lajan an epi m remèt manman m li. Kèk mwa aprè m al viv ak mesye m genyen kounya a ».

Jacques Resimène fèt Demarè. Se youn nan jèn fi ki rive desann sètifika (sizyèm ane fondamantal) nan lokalite a. Li te lekòl nan « Ecole Baptiste Conservatrice de Demarré ». Yon lekòl twa chanm kay ki fèt ak klis (labou sèch ak bwa). Je kale, jèn fi a rete ap gade bato rèv li k ap plonje akoz  yon pratik, yon koutim ki sanble ak yon alyans  kou rèd men tou ki ta vle sanble ak trafik moun. Jacques Resimène ki sot fete 18 lane 13 avril 2019 la, gen yon ti gason 10 mwa sou bra l, rezilta pratik « Alantran » an.

Reyalite Merius Mecherose la pa diferan.  Li pa gen batistè men li bay tèt li 17 oubyen 18 lane. Poutan kèk moun nan antouraj li kwè li genyen 16 osinon 17 lane.  Nan yon vye kay tach, se la jenn fi sa a ap viv ak  pitit gason li ki gen 6 mwa e ki fèt nan menm sikonstans yo.

Pou negosyasyon Alantran li a, mesye a te depoze 20 mil goud kay paran l. « Yo te pote lajan an sou non m menm jan sa te fèt pou gran sèm nan ki gen 21 lane jodi a », daprè deklarasyon Merius Mecherose ki fèt nan yon fanmi k ap benyen nan pratik sila lontan.

Celiphète Célimène, manman 4 pitit, ki gen 33 lane jounen jodi a, sonje kijan mari li gen kounya a te negosye twòk pa li a. Lè sa a li te gen 17 lane epi li t ap fè twazyèm ane fondamantal. Mari l ki te yon etranje pou li nan epòk la, te bay manman l 15 000 goud pou li. Celiphète Celimène di lè sa li te jis ap mache sou lòd paran l yo. «  M pat konnen l epi m pat renmen l nonplis men aprè li te fin bay kòb la nou te komanse fè konesans. Jodi a l se papa 4 timoun mwen yo ». Sou vizaj li ou ka remake reziyasyon pandan moso temwanyaj la.

Si 15 000 oswa 20 000 goud la se yon fòm dedomajman pou paran medam yo, achtè yo menm wè l tankou yon lajan yo peye kach pou yo pran medam yo. Pierre Wistin, yon abitan nan zòn nan ki santi l endinye anfas pratik sa a, mande pou tout moun pote kole pou rive konbat li epi derasinen l nan lokalite a.

Rapò pratik sa a ak koutim, men tou ak vyolasyon dwa moun

 « Sa fè lontan pratik sa a egziste nan zòn nan », selon sa Pierre Wistin k ap rapwoche laj swasantèn temwanye. Li di l sonje lè l te timoun twòk yo te konn soti nan 1500 goud pou rive nan 2000 goud men sa te konsène granmoun sèlman. Tradisyon sa prèske sanble ak yon rejim dotal. Sitwayen an rekonèt « fè timoun antre ladan l lan fè pratik la vin tounen yon zak devègonde ».

Lè Pwotektè sitwayen ak sitwayèn nan, Renan Hedouville, konnen sitiyasyon sa a, li pwofite sinyale « pratik sa yo pa fè lonè sosyete a epi yo retire tout nosyon diyite kay viktim yo ». Nimewo 1 OPC a di l regrèt pou aprè 215 lane endepandans Dayiti pou peyi a gen mòd pratik sa yo ki fè n sonje trèt negriye ak moman esklavaj, pandan Ayiti se premye peyi ki te kwape trafik moun nan kontinan amerik la.

Ely Thelot, ansyen prezidan komite nasyonal lit kont trafik moun (ki gen sig CNLTP nan lang franse), eksprime enkyetid li parapò ak sitiyasyon an. Daprè li, nan ka sa yo defi ki pi konplèks la se lè moun ki viktim yo pa konnen si yo viktim epi trafikan (achtè) yo pa bay lalwa regle anyen pou yo.

Malgre Ayiti gen yon dividal lwa pou pwoteje timoun epi batay kont trafik moun sou tout fòm, Senatè Jean Renel Senatus konte bay bourad pa l nan Sena a sou kesyon an. Prezidan komisyon jistis ak sekirite nan sena repiblik la pwomèt ap genyen plis mezi ki pran nan nouvo kòd penal ayisyen an presizeman sou tout fenomèn ki vle sanble ak trafik moun. Ansyen komisè gouvènman nan pakè Pòtoprens lan ki te travay sou pwojè nouvo kòd penal ayisyen an, garanti dokiman sa a k ap vini aprè kòd 1835 lan, ap pini sevèman tout moun ki mele nan dosye trafik moun oswa nenpòt lòt fenomèn ki sanble ak li. Daprè palmantè a, « komès moun nan, akoz zak kriminèl li charye a epi demounizasyon li trennen an, wete sans ak esans lavi viktim yo ».

Yon lwa moun pa fin twò konnen

Lwa 2 Jen 2014 la eskplike nan atik 1.1.1 ekspresyon « trafik moun » nan siyifi : « rekritman, transpò, lojman, akeyi yon moun sou fòm menas ak aksyon gwo ponyèt oswa lòt fòm kontrent, anlèvman, kou ba, twonpri, abi otorite oswa pwofite vilnerabilite yon moun, ofri oubyen aksepte lajan ou avantaj pou yon moun ki gen otorite sou yon lòt jwenn konsantman l pou l pwofite eksplwate l.

Daprè lwa sa a, « Eksplwatasyon an dwe enplike pou piti travay fòse ou sitiyasyon restavèk, eksplwatasyon, pwostitisyon oubyen pwoksenetis, pònografi oubyen lòt fòm eksplwatasyon seksyèl, maryaj fòse, mandisite fòse, rache pati nan kò moun, epi adopte yon timoun pou rezon eksplwatasyon sekyèl jan sa defini nan lwa a ».

Menm lwa sa a presize  nan alineya 3 : « rekritman, transpò, transfè, lojman yon timoun ak entansyon eksplwatasyon konsidere kòm trafik moun menm si l pa itilize mwayen ki site nan alineya 1.1.1 yo ».

Yon pratik ki gen grav konsekans sou lavi viktim yo

Malgre li gen 33 lane Celiphète Celimène anvi tounen lekòl oswa al aprann yon metye men l ap viv sou zòd mari l, sa pa posib. Dayè mesye a te entèdi l retounen lekòl la paske l panse sa ka lakoz Celiphète Celimène pa rete avèl ankò lè l vin save. « M te di l ede m pousib klas la, li pat dakò. M te vle al aprann yon metye pou m ka vin koutiryè, li te di non pi rèd paske l pè pou m pat kite l yon jou […] li pran m tankou se esklav li ». Konsa lapenn kouvri manman pitit la.

Kanta Jacques Resimène li pa fouti kontinye lekòl la paske l pa gen ase mwayen pou l alafwa pran swen pitit li a epi peye eskolarite a.

Ely Thelot fè konprann « Apre anpèchman ki lye ak pwogresyon akademik yo, li enpotan pou n chèche konnen koz ak konsekans pratik sila, men li pwobab pou kesyon inyorans ak sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a se prensipal koz mòd komès sa yo ».

Espesyalis nan sosyoloji a pwofite raple nan ka sa yo "enpak yo ka san mezi epi yo ka diferan tou. Sikososyalman sa ka afekte fanmi an kòm enstitisyon ki dwe asire sosyalizasyon primè moun nan, answit sa ka afekte devlopman sikolojik timoun yo. Menm enpak sa yo ka enfliyanse relasyon entèpèsonèl moun yo. Kèk nan yo k al eseye  fè pitit jis pou yo ka ranpli pòch yo epi yon seri lòt menm ka krent fè pitit pou reyalite zòn nan pa oblije yo vann yo".

CNLTP: yon komite ki merite ranfòse

"Komite nasyonal lit kont trafik moun nan (CNLTP) pa vrèman ap fonksyone depi aprè demisyon m kòm direktè 10 desanm 2018" se deklarasyon Ely Thelot. Li kontinye pou l di leta dwe  plis okipe l, prepare yon bidjè pou li epi ba li bon jan mwayen fonksyònman. Piblikasyon arete ki te nonmen manm yo 8 mas 2019 la ak enstalasyon yo senpman pa sifi. Ta dwe gen aksyon ki pi konkrè".

Pwennvi sa a pa depaman ak pa anbasadè Etazini an an Ayiti, Michel Jeanne Sison. Diplomat la retire chapo l devan gouvènman ayisyen an li di kap fè anpil efò pou mete trafikan yo anba kòd, adopte plan aksyon nasyonal la kont trafik la epi ranfòse komite nasyonal lit kont trafik moun nan. Anplis li rekòmande leta pou l pran bon jan mezi ki ka satisfè bezwen ki pi piti yo k ap pouse fenomèn sa a piwo. Sison pwomèt : "USAID ap kontinye sipòte tout efò kap fèt kont trafik moun an Ayiti atravè gwo pwojè ranfòsman sektè jidisyè a (JSSP). Objektif prensipal li se pèmèt sitwayen ayisyen jwenn yon jistis san paspouki, gras ak ranfòsman sistèm jidisyè a epi refòm fondamantal yo".

77% moun ki viktim komès moun, eksplwate nan pwòp peyi yo. Si se vre Ayiti pwogrese nan rapò depamatman deta ameriken 2019 la sou pwen sa a, diplomat la kwè travay la poko rive nan bout li. Li met aksan sou paske « Ayiti se yon peyi kote komès moun gen orijin, men tou yon peyi tranzit epi akèy pou trafik moun ».

Reprezantan dirèk Donald Trump an Ayiti a panse li enpotan pou leta ayisyen mennen bon jan ankèt pou l trennen koupab yo devan lajistis epi kondane yo. Leta dwe tou dispoze resous nesesè pou finanse plan aksyon nasyonal la pou akonpanye viktim yo. Li eksplike rapò chak ane depatman deta pibliye sou trafik moun nan gen gwo retonbe sou lantouraj jewopolitik la. Pou l raple nou, Anbasadè Sison fè konnen nan lane ki sot pase a, Washington te diminye kèk asistans bilateral 22 peyi ki te klase nan kategori 3 nan rapò 2018 la sou trafik moun.

Madam Sison fè konprann egzekitif la pa ka batay pou kont li kont trafik moun nan. Pouvwa lejislatif ak jidisyè a dwe met men nan pat la pou ogmante kapasite jij yo, avoka yo, jij denstriksyon yo ak komisè yo pou idantifye viktim trafik yo, mete achtè yo anba kòd epi jere pwosesis jidisyè yo kòmsadwa. Li mande tout aktè konsène yo mete kanson yo nan tay yo pou goumen kont trafik moun nan peyi a. Li tou ankouraje palman an fè yon koudèy sou bidjè fonksyònman 41 milyon goud CNLTP a nan pwochen lwa fiskal ayisyen an. Li panse sa t ap yon bon kòmansman si palman an ta rive bay CNLTP mwayen finansye pou li rive materyalize atribisyon legal li yo.

Daprè anbasadè a, se yon siy ki ta ka pouse sistèm jidisyè a trete ka jiridik ki sanble ak trafik moun yo ak plis rigè. Anbasadè Sison panse aksyon yon seri enstitisyon tankou Enstitisyon Byennèt sosyal ak rechèch (IBESR), Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC), Polis nasyonal Dayiti gras ak Brigad pwoteksyon minè yo (BPM), Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo (MICT), Ministè jistis ak sekirite piblik (MJSP) ak Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm yo (MCDFDF) abitye poze ka ranfòse travay CNLTP a nan konsolide patenarya yo antre yo.

Yon plan estratejik 5-P pou kwape Trafik moun

« Pou n rive derasinen fleyo Alantran reprezante nan zòn Demare a, apwòch la ta dwe chita sou plizyè fasèt » se konsèy Mesye Allasane Drapo, direktè Plan International la an Ayiti, yon òganizasyon k ap travay nan domèn pwoteksyon dwa  timoun, prensipalman dwa tifi yo. Mesye Drabo fè konprann pou n rive rezoud pwoblèm pratik sila, fòk nou pèmèt timoun yo, tifi yo sitou ka kaptèn pwòp demen yo, aktè devlopman pwòp tèt yo ak emansipasyon yo.

Apwòch sila raple lojik politik anbasadè Etazini an pwopoze a ki se aplikasyon yon estraji 3P : Prevansyon, pwoteksyon, pousuit. Yon fòmil Senatè Jean Renel Senatus swete ajoute de lòt konpozant : Priz an chaj ak patenarya. Youn aprè lòt, y ap eksplike :

Prevansyon an ta dwe materyalize nan founi aktè prensipal yo enstriman legal menm jan ak pwojè nouvo kòd penal la, nan adopte epi ratifye konvansyon entanasyonal ki la pou mete fren nan pratik sa a, nan batay pou adopte yon vrè politik familyal an Ayiti.

Pwoteksyon an menm ap rive posib gras ak yon gwo kanpay sansibilizasyon sou kisa trafik moun nan ye egzakteman epi  diminye kantite trafikan ak viktim yo.

Pouswit la ap chita yon rapò kole sere ant Polis Nasyonal Dayiti (PNH), pakè yo, 18 jiridiksyon enstriksyon ak jijman yo pral tabli pou plis dosye ka rive bout nan kondanasyon.

Priz an chaj la, sa ki parèt on jan enposib nan eta ekonomi peyi a ye jounen jodi a, ta dwe yon objektif pou n atenn nan fè plwedaye ki ka bay posibilite kreye yon liy bidjetè ki ka voye konba sa a monte.

Boutofen, patenarya a ki vle di batay kolektif yo dwe byen òganize paske trafik moun nan konn souvan mennen deplasman anplis sa pa toujou fèt nan menm zòn nan.

Si n ta kwè rapò 2019 depatman deta Ameriken an sou kesyon trafik moun nan, nan konba kont fenomèn sila, Ayiti ap trennen nan wout toujou. Pou yon espas ki viv gwo batay pou kase chenn lesklavaj sou tou fòm epi revòlte kont tout komès moun, jounen jodi èske sosyete a pa ta dwe rele chalbare dèyè pratik « Alantran » an ?

Recevez gratuitement les dernières nouvelles d'Haïti et d'ailleurs directement sur votre téléphone en téléchargeant l'App de Loop News :