Vendredi 24 May, 2019

Kite seremoni Bwa Kayiman an trankil !

Kite seremoni Bwa Kayiman an trankil !

Kite seremoni Bwa Kayiman an trankil !

Anpil sektè nan popilasyon ayisyèn nan trè souvan esplike kondisyon sosyoekonomik peyi a nan fason li te pran nesans. Pou anpil nan yo, si apre plis pase 200 lane peyi a pa janm ka marye ak devlopman se akoz san kochon seremoni Bwa Kayiman an. Se ta bèt sa a ki fè peyi a pòv nan eta sa e ki ta menm lakoz li sal konsa paske, kote bèt sa ye pa janm pwòp. Menm gen gwo kanpay ki fèt nan kad dyabolizasyon ak devalorizasyon seremoni sila, gwo evenman sa, ki pou anpil moun se kòmansman revolisyon ayisyèn nan. Anpil Ayisyen, pou yon rezon ou pou yon lòt, toujou santi yo endigne pou sa ki te fèt anndan seremoni sila. Men e si nou te eseye konprann sans sakrifis kochon an ?

Nan lannuit 14 dawout 1791, nan mitan yon forè yo rele « Bwa Kayiman », nan zòn Mòn Wouj, yon gwoup esklav ki te gen alatèt yo yon nonm yo te rele Boukman, te pran  desizyon pou te revòlte kont sistèm kolonyal ak esklavajis la nan Sen Domeng. Pandan seremoni sila yo te arive touye yon kochon, bwè san l, fè sèman pou yo te viv lib epi obeyi ak chèf yo Boukman ak lòt lyetnan tankou : Jn François Papillon, Biassou, Jeannot, elatriye… Bagay sa fè anpil moun ta vle chanje pati sa a nan istwa peyi a paske, daprè yo, Boukman, nan reyinon sa te siyen yon alyans avèk djab.

Fenomèn bwè san an pandan yon rasanbleman esklav pa t sèlman yon ka inik a Ayiti. James Walvin, nan yon liv li ekri ki rele « Ivoire Noire : Une histoire de l’esclavage anglais, Londres 1993 : 179 » montre gen kèk koloni anglè, esklav yo te konn pran abitid touye yon bèt epi bwè san l avan yo al goumen. Nou jwenn ankò nan sans sa yon lòt dokimantasyon ki pi rich ke Paul Hazoumé te reyalize nan lane 1930 « Le pacte du sang au Dahomey, Paris,1938. ».  Dapre Paul Hazoumé, pratik sa te trè kouran nan lwès Lafrik nan Abomey kapital istorik Dahomey, sou kot Ès yo tou nan zòn Kotdò, Badagri ak nan kominote Efik yo nan ansyen Kalaba. Nan langaj endijèn yo, yo te rele pratik sa a « bwè vodun ».

Vodun nan se yon melanj yo fè ak san yon volay (poul osinon kana), yo te konn melanje  ak tè epi dlo. Men, sa te konn rive yo touye yon kochon tou, ki li menm se te pafwa yon altènativ osinon yon viktim siplemantè sizoka asistans lan ta anpil. Pratik bwè san an se te pou yo yon gwo angajman youn te pran anvè lòt e selon kwayans lan, san sa te ka touye nenpòt moun ki ta fè yon fo sèman oubyen ki ta rive pa respekte li.

Jean Barbot, yon komèsan fransè ki t ap vizite wayòm Wida a an 1682 te arive dekri pratik sa konsa : « Yo te fè de ti twou nan tè kote yo te kite san an koule, apre yo te melanje san an, tè a ak dlo e yo te bwè kantite yo te kapab. Apre sa youn te tèlman rantre nan lòt ke yo te pataje tout sa ki te ka rive yo, byen ou mal. Youn te di lòt sa li panse ak tout sa yo tande. »

Wilhelm Johann Muller, nan lane 1960, nan yon liv li te ekri, dekri pratik sa avèk pi plis detay toujou. Pou Muller, bwè vodun nan te konn yon mwayen pou yon moun yo akize te pwouve inosans li oubyen pou te konkli kèk alyans militè ou komèsyal ant kominote afrikèn yo. Pou teste fidelite sèvitè li yo, wa nan zòn Kotdò yo te konn bwè vodun nan avèk yo, selon menm otè a. Yon mari te konn fè sa tou pou teste fidelite madanm li. Te menm gen yon esklavajis anglè, Thomas Shurley ki te rive mouri nan fè komès nan zòn lwès Lafrik, ki te konn fè esklav li yo bwè vodun nan. Zanmi li Thomas Philipps ki rapòte pratik Shurley a, rakonte sa te tèlman aji sou kwayans Afriken yo menm lè yo te retire chèn yo yo pa t sove.

Sa ka montre nou aklè sans bwè san an epi tou kòman sa ki te rive fèt nan seremoni sila se te yon pwolonjman kiltirèl enstitisyon afrikèn yo nan Sen Domeng e nan lòt kote ankò sou kontinan ameriken an. Deja, Jhon Thornton, yon ekriven kontanporen, tou kòm antwopològ Alfred Metraux, defini seremoni Bwa Kayiman an kòm yon ansanm pratik kiltirèl ki esansyèlman dawomeyen. A kote, yon lòt etid ki fèt, montre ke 60 a 70% esklav nan plantasyon Sen Domeng yo nan epòk 1791 te soti dirèkteman an Afrik. Kidonk, seremoni Bwa Kayiman an pa gen anyen a wè ak okenn alyans avèk djab. Yon tèl diskou relve totalman de yon kokennchenn kontresans istorik.

Men si n ap pousib pou pi lwen, pou plizyè rezon, anpil Ayisyen jounen jodi a fè tout posib yo pou evite e menm efase tout referans yo a Lafrik. Pou anpil nan yo, tout sa ki afriken se sa ki sòt, sa ki lèd e ki sovaj. An reyalite, an Ayiti, gen kèk men ki kache men ki pa fin si kache pase sa, ki responsab pwodiksyon konpòtman sosyal sa yo. Se klèd sa ki afriken se sa abasyon elit peyi a, san konte nouvo sa ki vin emèje yot referans yo a Lafrik. Pou yo, tout sa ki aNou ka wè  a klè pandan lontan, moun ki te responsab fòmasyon elit peyi a patisipe nan sa. Depi nan Konkòda 1860 lan e menm avan sa, Leta ayisyen te bay klèje katolik la responsab transmisyon savwa moun pa bò isit. Se pa okenn move akizasyon, men pèsòn pa p bliye yo te aprann sou ban lekòl zansèt nou yo se te ---Les Bretons-. Pèsòn moun pa p bliye pèsekisyon peyizan yo nan ane 40 yo nan sa yo te rele -campagne de rejeté-  anba bagnè evanjelizasyon : moun mouri, byen moun boule, pratik kiltirèl pase anba pye, elatriye…

Si lòt bò a, klèje katolik la vin yon ti kras saj, nouvèl tandans lan li menm pi agresif toujou. Sektè pwotestan an rantre tou nan pwosesis fòmataj konsyans moun. Yo anvayi tout espas ki ta dwe rezève a Leta. Yo arive fè anpil sitwayen konprann si peyi a nan eta li ye a, eben se akoz san bèt sa nan seremoni Bwa Kayiman an. Si gwo katastwòf ap frape peyi a, si pa gen travay, si peyi a sal konsa ebyen se san kochon an pou nou ranplase pa san Jezi. Yo menm fè konprann sa poko anyen sa si nou pa repanti e remèt peyi a bay Bondye paske dirijan yo depi nan kòmansman, te remèt peyi a bay baka.

Lide a se pa fè pwomosyon yon kalite kwayans pa rapò a yon lòt men pito rive fè konprann a yon seri de moun yo gen dwa pou repann kwayans yo men konsa tou gen de bagay ki dwe respekte nan peyi a. Kalonnen seremoni Bwa Kayiman an ak jan de pawòl sa yo, se remete an kesyon lejitimite endepandans peyi a. Ou pa kapab ap fè yon moun kwè si li pòv, se akoz yon san kochon. Lèfini listwa montre nou anpil nan peyi ki rive devlope tèt yo pa melanje relijyon ni ak politik ni ak ekonomi. Donk, rezon ki lakoz peyi a pòv la pi konplèks ke sa !

Li enpòtan pou nou poze pwoblèm politik yo nan tèm politik, pwoblèm ekonomik yo nan tèm ekonomik. Defèt de ansèyman sila yo ki pa t janm ni renmen nou ni padone nou dèske nou te rache libète nou nan  men yo an 1793 la. Nou dwe egzije Leta pou li mete anplas yon sèl lekòl ak yon sèl fòmasyon k ap la pou ini tout Ayisyen.

Se Leta ki dwe pran kontwòl fòmasyon nan lekòl yo k ap detounen pitit nou yo, depi twò lontan, de responsablite sitwayèn yo, k ap mete divizyon ant Ayisyen ak lòt Ayisyen parèy yo e k ap kondane kèk eritaj kiltirèl peyi a (tankou lang kreyòl) nan lawont ak eksklizyon. Leta a dwe egzije legliz fè bak nan kalte diskou ke l ap pwodui yo. Leta a li menm tou dwe demare sosis li ak larelijyon, li dwe fonskyone sou yon baz ki 100% layik. Paske se pa ni Jezi, ni Ezili, ni Senpyè, se pa okenn nan relijyon nou yo k ap vin ranje peyi a men se nou menm Ayisyen ki pou mete men.

 Jeff Albert

Recevez gratuitement les dernières nouvelles d'Haïti et d'ailleurs directement sur votre téléphone en téléchargeant l'App de Loop News :