Dimanche 23 Février, 2020

Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo

Responsab Rkademi kreyòl ayisyen yo, nan okazyon lansman jounen Entènasyonal lang manman an 5 fevriye pase a.
Kredi foto: AKA

Responsab Rkademi kreyòl ayisyen yo, nan okazyon lansman jounen Entènasyonal lang manman an 5 fevriye pase a. Kredi foto: AKA

Nan yon seremoni ki te fèt jou mèkredi 5 fevriye a, Akademi Kreyòl Ayisyen (Aka) an te lanse ofisyèlman mwa lang manman an. Seremoni an te dewoule an prezans prezidan Aka a, Monsenyè Pierre André Pierre, reprezantan minis Kilti ak Kominikasyon peyi a, Jean Michel Lapin ak Stéphanie Saint-Louis, yon kad nan ministè Lakilti.

Depi lane 1999 UNESCO (Oganizasyon pou edikasyon, lasyans ak lakilti) pwoklame 21 fevriye jounen Entènasyonal lang manman. Nan yon ti bat bouch redaksyon Loop Haïti te genyen ak responsab kominikayon akademi an, Jean Rony Beaucicault, li fè konnen se yon tradisyon akademi an genyen depi fondasyon l pou l make jounen lang manman an.

"Depi kreyasyon li, Akademi an òganize divès aktivite pandan tout mwa fevriye a jouk 21 ki se jounen an menm", se sa li di. Nan kad selebrasyon pou lane 2020 an, tèm responsab yo kenbe a se: "Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo". 

Yon tèm ki marande ak volonte akademisyen yo genyen pou sansibilize tout sektè nan peyi a sou nesesite pou respekte Kreyòl ayisyen an ki se lang manman nou. Pandan lansman an, prezidan Aka a, Monseyè Pierre, te pwofite raple enstitisyon Leta yo pou mete tout sèvis yo disponib an Kreyòl.

Pou yon enstitisyon tankou Akademj kreyòl ayisyen an, jounen lang manman an enpòtan anpil. Jean Rony Beaucicault eksplike kalte enpòtans sa genyen. " Jounen sa pèmèt plis moun reflechi sou wòl ak enpòtans lang manman an e nesesite pou li jwenn  plas li merite nan peyi a", se sa li di. Li kontinye sou menm lanse a : "objektif Akademi an se travay pou lang kreyòl ayisyen an okipe plas li merite nan lekòl, inivèsite, nan enstitisyon yo, nan rechèch syantifik elatriye".

Mwa fevriye a chaje ak aktivite pou make jounen lang manman an. Pami yo konferans ak deba pou elèv ak etidyan, espozisyon liv ak dokiman kreyòl, seminè pou enstitisyon Leta, prive ak òganizasyon nan sosyete sivil la, seminè pou jounalis ak pwofesè kreyòl ak yon gwo koudjay kiltirèl k ap òganize nan dat 21 fevriye sou plas Chalmay Peral nan vil Ench. 

Yon lòt bò, Akademi an ap travay sou lòt pwojè tankou Gran Pri Nasyonal Akademi an ki dwe rekonpanse yon otè ki pwodui an kreyòl, pwojè yon Diksyonè tèminolojik jiridik. Jean Rony Beaucicault enfòme nou: "Akademisyen yo ap travay tou sou dezyèm Rezolisyon an; premye a te konsène òtograf lang kreyòl la".

Yon latriye pwojè akademisyen yo gen nan djakout yo pou sèvi kominote literati kreyòl la. Kèk semèn anvan lansman jounen lang manman an, akademi an te rann powèt Georges Castera omaj nan yon tèks ki te pibliye epi titre " Ayiti pèdi yon powèt wòdpòte". Tèks la disponib sou sit akademi an.

Jounen entènasyonal lang manman an se 21 fevriye k ap vini la a. Se okazyon pou n reflechi sou zouti sa nou genyen ki se lang kreyòl la e ki meyè fason pou n ta sèvi avè l.

Recevez gratuitement les dernières nouvelles d'Haïti et d'ailleurs directement sur votre téléphone en téléchargeant l'App de Loop News :