Samedi 22 Septembre, 2018

Enpòtans Kreyòl nan konstriksyon idantite ak pèsonalite yon Ayisyen

Lang se yon zouti kominikasyon. Pèsòn sou latè beni pap janm bliye sa. Men, akote fonksyon kominikasyon yon lang genyen, ki wòl li kapab ranpli nan lavi yon moun k ap viv nan yon kominote ?

Lè yon gwoup moun ap viv ansanm, gen valè senbolik ki soude yo. Lang Kreyòl la esplike sa trè byen nan atik 5 (konstitisyon 1998- vèsyon amande 2011) : « Ayiti gen de lang ofisyèl. Men Kreyòl la se siman ki soude tout Ayisyen ». Manman lwa peyi a deja trase chimen viv ansanm pou nou, li lonje dwèt li sou lang Kreyòl la ki kapab sèvi kòm zouti pou konekte nou ansanm.

Pou ane 2018 sa, nan okazyon jounen entènasyonal Lang matènèl la, Akademi kreyòl ayisyen (Aka) an retounen sou egzijans ki genyen pou aprantisaj fèt an kreyòl an Ayiti. « Lang manman nan edikasyon : wi. Aprann se konprann » se tèm ki chwazi pou dewoulman tout aktivite k ap fèt sou teritwa nasyonal la.

Unesco atire atansyon n sou yon enfòmasyon enpòtan ane sa. Chak de semèn, yon lang disparèt tèt li nan lemonn. Yon move nouvèl pou lang k ap viv ak estati minoritè sou planèt la. Pou kwape sitiyasyon vant mare sila, Unesco monte yon plan pou pwoteje lang sa yo. « Prezèvasyon divèsite lengwistik nan lemonn ak pwomosyon tout lang nan lide pou konsolide objektif devlopman dirab yo ». Tèm pou ane 2018 la.

Plizyè syantifik ayisyen montre youn nan pi gwo pwoblèm sistèm edikatif la chita sou kesyon ansèynman ki pa fèt nan lang aprenan yo. Sa anpeche, daprè yo, lokitè ayisyen yo ekspoze lide yo kòmsadwa e reflechi sou pwoblèm peyi a ak plis pètinans.

Pou moman n ap pale a la, Kreyòl la pako pran plas li merite nan peyi a. Gen yon seri enstitisyon (Leta kou prive) ki pa janm bouke egzije yon Ayisyen pale fransè si li bezwen sèvis la pi rapid. Tip sitisyasyon sa aji sou pèsonalite jenn Ayisyen k ap grandi a. Anplis, konpatriyòt k ap jije parèy yo sou lang yo pale a, yo gen ti feblès pa yo tou nan lòt lang yo vle privilejye a. 

Yon filozòf ayisyen ta di : "Nous sommes des pokophones". Kidonk, nou pale kreyòl men nou pa ekri l e nou ekri fransè men nou papale l. Yon pwoblèm konplèks pou peyi a. 

Nan kèk jou, prezidan Jovenel Moise ap resevwa 29e sesyon prezidan peyi Karayib yo. Nan okazyon sila, prezidan peyi a gen uit pwen li pral met sou tab la. « Aksepte lang fransè kòm lang ofisyèl Caricom » se youn nan yo.

N ap raple an 2013, ansyen prezidan Michel Martelly te gentan pwopoze lang fransè a kòm lang travay nan komite rejyonal la. Men rezilta yo pat sot la al la. 

Nou konprann se pa premye fwa Ayiti fè chwa fransè nan plas kreyòl nan Caricom. Senpman, n ap kwaze bout dwèt nou pou n wè ki rezilta sa ap pote pou peyi a. 

Websder Corneille, lengwis