Mercredi 26 Juin, 2019

Diskou Prezidan Jovenel Moïse nan okazyon 24e anivèsè PNH la

le Président de la République, Jovenel Moise donnant son discours à l’occasion du 24ème anniversaire de la PNH ce mercredi 12 juin 2019

le Président de la République, Jovenel Moise donnant son discours à l’occasion du 24ème anniversaire de la PNH ce mercredi 12 juin 2019

Allocution du Président de la République, S.E.M. Jovenel Moise à l’occasion du 24ème anniversaire de la PNH

Mercredi 12 juin 2019


Pèp Ayisyen,

Ane sa a, Polis nasyonal la gen 24 an. Vennkatran depi plizyè gwoup jenn fanm ak jenn gason ap mete konpetans yo, tan yo pou pwoteje vi ak byen. Gen nan yo ki bay lavi yo pou sove lavi pa nou. Sakrifis polisye yo fè pa gen pri. Nasyon an pap janm ka fin peye yo, sinon larekonesans etenel li dwe gen pou yo.

Map pwofite sikonstans sa a, pou m mande yon minit silans pou chak polisye ki tonbe…

Lapolis se yonn nan senbòl nasyon an. Lè bandi atake yon polisye se tout lapolis la li atake, se tout nasyon an li atake. Enmi lapolis se enmi Ayiti. Lè yon moun oubyen yon enstitisyon pran defans bandi kont lapolis se tout yon nasyon li trennen nan labou. Pa gen lapè san lapolis. Pa gen demokrasi san lapolis.

Pèp Ayisyen, konpatriyot mwen yo, peyi nou nan yon sitiyasyon malouk depi kèlke tan. Mwen ka di Sityasyon malouk sa-a, pa date ni yè, ni avan yè, li la lontan. Mwen kontan anpil paske gen plis sitwayen, plis jèn ki konprann nesesite pou gen gwo chanjman ki fèt andedan sistèm politik, ekonomik ak sosyal peyi a.

Nou sonje li te difisil anpil pou m te vinn prezidan paske m se yon eleman ki soti andeyo sistèm tradisyonel la. Menm jan ak anpil jènn mwen konn kisa gragou ak la mizè vle di. Mwen konnen Sistèm nan responsab move sitiyasyon nap viv.

Sistèm sa a koryas anpil, li bay tèt li kapasite poul reziste ak renouvle chak fwa nou deside kapote-l atè. Sak pi konplike e ki pi danjere a li gen kapasite pou l fè bouro yo tounen viktim e viktim yo tounen bouro. Sistem nan gen anpil sèvo, gwo strateji ak anpil ladrès, nou wè e konprann koman yo rive assasine Papa Dessalin.

Pèp Ayisyen, depi-m rive nan tèt leta-a, gen yon seri de gwo dosye, eleman system nan pat janm vle-m atake, tankou zafè kouran, dosye kontrebann, kesyon pwodiksyon nasyonal ak moun kap telegide desizyon leta a nan entere yo, san yo pa janm panse ak moun ki pi pòv yo.

Mwen reflechi anpil e finalman mwen deside touche dosye ENTOUCHAB yo, mwen deside poze kesyon ak group moun ki panse yo se MATADò SIPEB yo. Moun pèson pa dwe gade nan je yo. Mwen te konnen konsekans yo, mwen te avèti sak pral rive, mwen te deside e mwen prè pou m asume konsekans yo devan listwa ak devan konsyans mwen. Map garanti yo, mwen pap fè lach, ni pete kouri pou yo deklare viktwa avan lè epi vin pran avantaj ak privilèj pandan gwo majorite a toujou nan mizè, nan chomaj, nan grangou ak ensekirite. Mwen deside kanpe pou’m goumen, pou anpeche MAFIA EKONOMIK lan ak benefisyè sistèm sa kontinye vinn pyafe sou nou.

Pèp Ayisyen, enstalibite, destabilizasyon, dechoukaj, voye ale se pi gwo mwayen ak strateji system sa-a itilize pou repwodwi tèt li chak fwa yo metel an kesyon. Konsa moun ki rich vinn pi rich, nan tranzisyon/konfisyon kap tranzite sibvansyon, privilej ak kontrebann.

Pèp Ayisyen,


Pèp Ayisyen, Jovenel Moise sòti nan matris nou, Prezidan Jovenel MOISE paka trayi nou. Sityasyon an konplike se vre, dosye yo anpil e yo konplex, men sonje, Mwen se pitit yon peyizan, souch moun ki pa janm trayi yo, pitit matris moun pi toujou viktim yo, eksplwate yo, meprize yo. Mwen pa gen de chwa, se yon sèl mwen genyen, goumen poum fè tande vwa moun sa yo.

Nou pap bay sistèm nan legen. Nou konn fos li, nou konn pwisans li. Men batay map menen an se batay pep ayisen an. Se sa ki banm kouraj ak deteminasyon pou m ale jiskobou.

Nou konn leson an deja.

Lè prezidan an di fok gen kouran 24/24, yo bloke tout bagay enpi yo di se manti prezidan an ap bay.

Lè prezidan an di fok gen wout ak dlo nan peyi a, yo itilize medya ak rezo sosyo pou vilipande karavann enpi yo di karavan nan pap mache.

Lè prezidan an di pi gwo pwoblèm peyi a se koripsyon, yo aranje yo, fè rapo sou dosye koripsyon enpi mete non prezidan an pou di ke prezidan an pa gen moralite pou l pale de koripsyon, paske prezidan an nan koripsyon.

Pèp ayisyen map pwofite okazyon sa a pou m pale ak nou, mwen konnen gen anpil nan nou ki pa kontan paske nou tap tann sitiyasyon nou chanje pi vit.

Gen anpil nan nou ki tap tann mwen fè anpil aksyon pou chavire sistèm nan.

Men mwen te fè chwa pou m refome kek sekte priyoritè, mwen pat fè chwa afwontman.

Jodia map di w ou menm pitit soyet, ou menm ki nan geto ak nan katye popilè yo, ou menm sistèm nan ap manipile, map di w prezidan pa w la pa nan koripsyon. Prezidan pa w la pap janm nan koripsyon. Se pou la jistis fè travay li, mennen ankèt kom sa dwa, moun kite mal jere oubyen mal itilize lajan leta ap reponn devan lajistis, nan yon pwosè jis ak ekitab, san pèsekisyon.

Jovenel Moise pap kouri paske koriptè ak kowonpi vle fè l pè. Si yon moun panse ansyen konpayi mwen tap dirije lè m pat ni prezidan ni ap travay nan leta, gen bagay pou repwoche li, ke lajistis fè travay li. Konpayi an la, tout dokiman ekziste.

Mwen pap pèmèt ankenn moun vin simen kao ak dezolasyon nan peyi a sou ankenn pretèks.

Fre m ak sèm yo,

Depi kek tan sitiyasyon politik peyi a degrade. Palman an pa rive tande deklarasyon politik jeneral gouvènman an. Li pa rive fè seyans asanble nasyonal pou denye sesyon lejislativ la rantre. Gen lot pwoblèm politik anko ki gen rapo ak eleksyon epi konsitisyon ki mande yon gwo chita tande avèk tout sektè pou nou ka jwenn yon ako sou gouvenans peyi a ak direksyon nasyon an dwe pran. Politik se chita tande, politik se konpwomi. Tout nasyon konn nan difikilte. Lè gen bon konprann nasyon an soti fò.

Pwoblèm peyi a pi konplike pase sa kèk moun panse. Si se te nan voye chef leta ale pwoblèm ayiti tap rezoud, nou tap peyi ki gen mwens pwoblèm nan rejyon an. Paske Ayiti se peyi ki pase plis chef leta ki genyen sou kontinan ameriken an.

M ap pwofite okazyon sa a pou mwen lonje lamen yon lot fwa anko bay advesè politik mwen yo, bay tout ayisyen pou nou pran ansanm chemen kap bon pou Ayiti a. Se chemen lapè ak chemen devlopman. Tout sekte ki aktif, an nou mete tet ansanm, pote kole pou n ka jwenn vrè wout chita tande a.

Mwen di elit ekonomik, elit enteleksyel ansanm ak tout gwoup oganize yo, moman an rive pou nou yonn kenbe men ak lòt pou n adopte solisyon kap bon pou peyi a. Chak aktè jodi a ki sou teren politik la gen yon plan pou sove ayiti, an nou mete plan sa yo ansam nan yon gwo chita tande pou n vanse, pou n retire peyi a nan twou fè nwa sa a. Li pa janm two ta pou w fè sa ki bon. Sa ki bon pou peyi a, se men nan men, je nan je, ak koud a koud fratenel la.

Mwen di pèp ayisyen an mèsi pou bon konprann ni.

Encore une fois, je dis Bonne fète à notre police nationale
La nation est fière de vous.

Je vous remercie.

Recevez gratuitement les dernières nouvelles d'Haïti et d'ailleurs directement sur votre téléphone en téléchargeant l'App de Loop News :